Teknisyen ki mete deyò dokiman sekrè gouvènman ameriken an twouve l yon kote otorite amerikèn yo pa konnen , nan moman responsab Washington yo ap lanse apèl pou mande ekstradisyon ak arestasyon misye la pou la.
Edward Snowden kite otèl kote li te ye nan Hong Kong nan, yon jou apre li te revele idantite l bay lemond nan jounal britanik “The Guardian”. Mesye Snowden te refijye l nan peyi Lachinn nan dat 20 me anvan jounal la te pibliye enfòmasyon sou Ajans Nasyonal Sekirite Etazini an (NSA) ki siveye an sekrè apèl telefonik ak kominikasyon sou rezo entènèt la pou kontre menas teworis.
Snowden te jwenn enfòmasyon yo pandan l tap travay kòm yon espesyalis pou Boooz Allen Hamilton , yon konpayi prive ki gen kontra ak NSA. Mesye Glenn Greenwald, jounalis The Guadian ki te mete nan lari pwogram ransèyman Etazini man fè konnen Snowden te konprann sa k te ka rive l akoz enfòmasyon NSA ki pran lari.
Mesye Greenwald di: “Natirèlman mwen gen kè sote pou sò sous mwen an, yon moun mwen panse ki akonpli yon gwo sèvis piblik. Sepandan , mwen panse tou li se yon nom rasyonèl, entèlijan, kòrek ki fè yon chwa klè avèk tou sa kapab genyen kòm konsekans pou li. Kidonk, kè m pa fè m mal ditou pou li. Mwen pa kwè gen anyen ki pral rive l ke l pat konnen davans. Li pare pou nenpòt sa k ka rive l."
Pandansetan, Phil Carter, yon spesyalis nan sekirite nasyonal kwè revelasyon mesye Snowden yo nwi anpil sekirite peyi a . Epi teknisyen an, bòte pa l, deside fè demann azil politik nan nenpòt peyi ki kwè nan libète lapawòl ak respè vi prive moun.
Anfen, depatman jistis Etazini di li ouvè yon ankèt sou fuit enfòmasyon la san li pa bay lòt enfòmasyon .