Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Di Zam Chimik Te Sèvi nan Konfli Siryen an


Yon nouvo rapò Nasyonzini fè konnen gen bon jan rezon pou kwè zam chimik te itilize (men nan yon kantite limite) nan peyi Siri.

Komisyon ankèt Nasyonzini sou Siri a prezante rapò li bay Konsèy Dwazimen an, kote li di pa genyen ase prèv pou detèmine ki kalte sibstans ki te itilize nan konfli siryen an ni kilès ki te sèvi ak yo. Dokiman an ajoute konklizyon li tire yo pral egzije yo teste viktim yo e pran echantiyon sou sit kote 4 atak yo te dewoule

Rapò a egzòte Siri kite yon ekip enspektè Nasyonzini antre nan peyi a pou al mennen ankèt sou plas pou detèmine si gen zam chimik ki itilize nan gè sivil la.

Sepandan, gouvènman siryen an di anketè yo pral kapab vizite sèlman yon grenn sit.

Ni gouvènman an ni rebèl kap chèche jete gouvènman prezidan Bashar al-Assad la (youn ap akize lòt) deske lap sèvi ak zam chimik nan konfli a ki kounye preske gen plis pase 2 zan.

Paulo Pinheiro, prezidan Komisyon Ankèt Nasyonzini sou Siri a, souliyen yè bilan imen 2 zan konfli a pandan yon prezantasyon li fè devan Komisyon Dwazimen l’Onu an.

Misye Pinheiro di: “krim ki choke konsyans, tounen yon reyalite kotidyen. Li kontinye pou l di se Limanite, ki viktim lagè sa a. Siri pa bezwen yon eskalad militè, Siri bezwen yon eskalad diplomatik. Nou pa ka kontinye chita 2 bra kwaze ap gade katastwòf sa a ap dewoule devan je nou san fè anyen”. Deklarasyon misye, Paulo Pinheiro.

Komisyon an lanse avètisman pou di « voye plis zam nan konfli a kapab ogmante risk vyolasyon dwazimen ». Avètisman sa a tonbe yon semèn apre Inyon Ewopeyèn nan leve anbago zam li te mete sou Siri a---yon desizyon ki louvri pòt pou voye kagezon zam bay konbatan rebèl yo.
XS
SM
MD
LG