Accessibility links

Breaking News

Anbasad Etazini ann Ayiti Gen yon Nouvo Pwogram pou w Renouvle kèk tip Viza Touris San Randevou


Yon pwogram kap kòmanse 5 jen 2013 la nan anbasad amerikèn nan Pòtoprens ap pèmèt moun ki te jwen viza 5-kan B1/B2 ak viza etidyan nan anbasad Etazini nan Pòtoprens la renouvle viza sa yo san yo pa bezwen ni pran randevou ak konsila a ni fè entèvyon ak yon konsil ameriken. Sepandan, se pou viza a gen mwens ke 12 mwa depi l fini. Epi se pou renouvèlman an konsène menm tip viza a. Pa ekzanp, si’w vle ranplase yon viza touris B1/B2 pa yon lòt viza B1/B2.

Moun ki elijib pou pwogram sa a dwe prezante an pèsòn (li pa kapab voye moun reprezante l) nan konsila a chak mèkredi ant 7 tè edmi e 11 zè nan maten. Moun ki ta renmen al renouvle viza nan kad pwogram sa a dwe :


  • Ranpli fòm viza DS-160 la sou entènèt (online application form)
  • Pote yon paspò ki poko fini
  • Pote paspò ki gen dènye viza a sou li a
  • Pote fich ki montre yo peye Sogebank
  • Pote yon foto viza ki fèk fèt (valid visa photo)
  • PA PRAN randevou sou Entènèt.

Menm si yon moun kalifye pou pwogram sa a, konsila a kapab mande l pou l vinn nan entèvyou ak yon konsil si yo kwè sa nesesè nan ka moun ki konsène a.


Nan pwogram lib tribin Lavwadlamerik pou jounen vandredi 31 me 2013 la, 2 konsil ameriken, Aaron Burge ak Molly Runyon, te reponn kesyon oditè VOA yo sou pwogram sa a e sou lòt aspè demand viza ameriken.

Si w ta renmen koute pwogram lib tribin sa a, klike sou ikon « koute » ki agoch atik sila a.
XS
SM
MD
LG