Accessibility links

Breaking News

Pwochen Rankont Minis Defans Ameriken an, Chuck Hagel, ak yon delegasyon Peyi Lachinn


Minis Defans Etazini an Chuck Hagel di li gen pou l prezante yon rapò sou zak piratri enfomatik chinwa yo, kote Peken ta swadizan vole plizyè dizèn pwogram zam Pentagonn nan (Depatman Defans Etazini an ) ak lòt teknoloji defans.

Misye Hagel di li pral fè prezantasyon sa a, pandan yon rankont li dwe genyen samdi kap vin la a ak yon delegasyon Lachin.

Msye Hagel ki tap pale ak jounalis ki te abò avyon ki t ap transpòte l sòt Hawaii pou ale nan Sengapour, di Etazini te reyaji an prive kòm an piblik sou operasyon sibènetik Lachinn yo.

Mesye Hagel deklare li pral abòde kesyon sekirite sibènetik la nan yon diskou li gen pou l pwononse nan kad konferans sekirite Shangri la a, nan Sengapour .

Responsab ameriken an ajoute kesyon sa a kapab pwente tou nan yon reyinyon avèk delege chinwa yo .
XS
SM
MD
LG