Accessibility links

Breaking News

Biwo Majistra Vil Nouyòk la Resevwa 2 Lèt Ki gen Pwazon


Majistra vil Nouyòk la, Michael Bloomberg fè konnen yon lèt yo voye nan biwo li a ki gen tras pwazon ladann sanble li gen pou wè ak gwo kanpay k ap fèt sou kontwòl zam isit Ozetazini.

Majistra Bloomberg te pale ak la près byen ta aprè moun te fin detekte tras pwazon « Ricin nan» nan 2 lèt yo te voye ba li

Li kontinye pou l di omwen youn nan lèt yo lonje dwèt sou travay l ap fè pou mete lwa kontwòl zam ki pi djanm nan peyi a, men li di aksyon sa a pa pral fè li kanpe sou kous li.

Majistra Bloomberg di: "Se pa premye fwa moun ap resevwa janre de lèt sa yo. Li pa konn poukisa moun poze mòd zak sa yo e san di petét lèt la fè referans ak efò ki makonnen ak kontwòl zam ; men 12 mil moun ki pral pèdi la vi yo ane sa a anba kout zam e gen 19 mil lòt ki pral komèt suisid , se sak fè nou pap kraze yon kite sa nan efò kap fèt nan sans sa a."

Malgre efò sa a, opozan nouvo restriksyon yo sou dwa pou moun posede e pote zam ap chache bloke tantativ pou kongrè a ta apwouve yon lwa konsa ane sa a.
XS
SM
MD
LG