Accessibility links

Breaking News

Konferans Lapè sou Siri: Lap Fèt Oubyen Li Pap Fèt? Kesyon an Rete Poze Toujou

Sekretè Deta John Kerry ap tande deklarasyon diplomat ap fè sou Siri nan yon rankont ki dewoule nan vil Amman, kapital La Jòdani, nan dat 22 me 2013 la (Foto: REUTERS/Jim Young).
Sekretè Deta John Kerry ap tande deklarasyon diplomat ap fè sou Siri nan yon rankont ki dewoule nan vil Amman, kapital La Jòdani, nan dat 22 me 2013 la (Foto: REUTERS/Jim Young).
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè konnen prezidan peyi Siri a, Bashar al-Assad, ap kouri risk pou l wè mouvman opozisyon an jwenn plis apui nan men kominote entènasyonal la si li pa dakò pou l patisipe nan negosyasyon lapè ak opozisyon an --negosyasyon Lèzetazini ak Larisi pwopoze e ki ta dwe dewoule nan mwa jen pwochen an. Misye Kerry fè deklarasyon sa a mèkredi 22 me 2013 la pandan yon vizit nan peyi Jòdani kote li tap abòde sitiyasyon an nan Siri.

Nan menm okazyon an, Misye Kerry kritike peyi Iran poutèt li ta swadizan ap voye zam bay rejim al-Assad la –yon bagay ki, daprè chèf diplomasi Lèzetazini an, kapab fè sitiyasyon an vin pi grav toujou nan Siri. Sekretè Deta a atire atansyon sou le fèt ke militan Hesbolah yo, ki apiye gouvèman Damas la, ap jwe yon gwo wòl nan destriksyon pèp siryen an, paske se pa militan sa yo zam Iran yo pase pou yo ale nan Siri. Misye Kerry deklare :

« Yon apui militè aktif pou rejim Assad la vin ogmante tansyon ki genyen ant gwoup etnik, sosyal e politik diferan nan Siri, e sa pèmèt rejim nan kontinye kanpay latèrè lap mennen kont pwòp pèp li ankò. »

Nan menm jounen mèkredi a, Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague --ki tap vizite peyi Jodani tou-- te abòde dosye siryen an, li menm tou, pou l di rejim al-Assad la repoze anpil e plis chak jou sou apui mouvman Hezbolah a ak Iran pou l rete sou pouvwa a. Misye Hague deklare:

“Otorite siryen yo rive nan yon pwen kote yo bezwen asistans kap sòti an deyò peyi-a. Se apui sa a, kap sòti lòt kote, ki pèmèt li kenbe toujou sou pouvwa a.
Pandansetan, reprezantan prensipal kowalisyon opozisyon siryen an ap rankontre nan vil Istanboul, nan peyi Turki, pou yon chita-tande 3 jou. Sou pwogram rankont sa a genyen posibilite pou opozisyon an patisipe nan negosyasyon lapè ak gouvènman siryen an.

Lèzetazini ak Larisi ap eseye wè si yo ka òganize yon konferans konsa nan mwa jen 2013 la nan vil Jenèv, an Swis, avèk objektif pou yo mete 2 pati yo ansanm e pèmèt yo fè negosyasyon sou kondisyon yo tabli yon gouvènman enterimè nan Siri. Louay Safi, manm Kowalisyon Nasyonal Siryen an, pale jodi jedi a pou l di manm gwoup la toujou gen kesyon sou negosyasyon yo; men yo pap janm aksepte posiblite pou Prezidan Bashar al-Assad patisipe nan yon nouvo gouvènman nan Siri.

Kowalisyon an mete rankont Turki sou pye apre gwo diplomat peyi ki rele “Zanmi Siri yo” te fè yon deklarasyon kote yo te pote apui yo pou kowalisyon an. Diplomat sa yo te reyini nan vil Amman, peyi Jòdani, kote yo te fè deba sou plan lapè pou Siri a. Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, lanse apèl bay Misye Assad pou mande l pran angajman pou l travay pou lapè nan Siri.
This item is part of
XS
SM
MD
LG