Nan Eta Oklahoma, nan pati sid-santral Lèzetazini, otorite nan tout nivo kontinye fè efò pou yo ede popilasyon vil Moore rekanpe sou 2 pye li aprè yon gwo tònad te pote devastasyon ak dezolasyon nan vil la lendi 22 me 2013 la.
Se pa vil Moore sèlman ki viktim fenomèn natirèl sa a; men se li ki sibi plis dega, pi gwo devastasyon yo ak pi gwo kantite moun ki mouri yo. Gouvènè Eta a, Mary Fallin --ki tap abòde sitiyasyon an nan jounen madi 21 me a-- pwomèt tout moun ki tap koute yon bagay : sè ke Oklahoma ak vil Moore pral rekanpe kanmèm sou pye yo. Mdam Fallin deklare :
«Nan mitan trajedi ak lanmò, nou te kapab konstate tou rezistans ak kouraj, fòs ak fèm volonte pèp nou an pou l leve defi a; eben wi, nou pral pase move kap sa a, nou pral rekonstrui e nou pral rejwenn fòs-kouraj nou ankò. »
Gwo vouvarivan lendi a kite anpil moun san kay nan vil Moore ak lòt kote nan Olahoma. Youn nan viktim sa yo se Chris Palmer, ki bay yon temwayaj kote li pataje opinyon Gouvènè Fallin nan; li di li gen konviksyon moun Oklahoma pa pral sikonbe anba move konsekans dezas malouk sa a. Misye Palmer deklare:
«Sa pral pran lontan pou nou rebati fanmi ki tap viv nan tout kay sa yo. Se bagay nou te konn wè nan televizyon. Se pa menm bagay ditou lè ou kanpe pou wap gade tout devastasyon sa a. Men, nap kenbe. »
Direktè ajans ki la pou pote sekou dijans nan ka dezas la, FEMA (Federal Emergency Management Agency, ou Ajans Federal pou Jesyon Ka Dijans), Craig Fugate, fè konnen ajans la pral chache gen garanti ke tout moun ki pèdi kay yo, jwenn yon kote pou yo rete an tout sekirite. Li lanse apèl bay sivivan yo pou l mande yo fè otorite yo konnen ki kote yo ye e kijan yo ye. Misye Fugate di :
« Youn nan gwo defi ki mache ak yon dezas konsa, akoz devastasyon malouk li koze yo, sè ke li difisil pou ou konnen imedyatman ki kantite moun ki disparèt. Alòs, mezanmi, si yon moun tap viv nan zòn sinistre a epi li viktim, si vouvarivan an gen move konsekans sou lavi ou, fè nou konnen kijan ou ye yon fason pou nou ka konsantre resous nou yo sou moun ki bezwen asistans. »
Otorite yo nan nivo lokal, Eta oubyen federal rekonèt genyen anpil travay ki rete pou fèt anvan pou popilasyon ak zòn sinsitre yo rive rekanpe sou pye yo… dotan plis ke Oklahoma ak lòt eta ki tou pre l yo pral kontinye fè fas ak plis tònad e plis move tan nan jou ak semèn kap vini yo.