Accessibility links

Breaking News

Yon Tònad Pote Trajedi nan Eta Oklahoma. Plis Pase 2 Douzèn Mò – Pi Fò se Elèv Lekòl.


Yon dife ap boule nan bilding Tower Plaza aprè vouvari van an te frape vil Moore nan dat 20 me 2013 la.
Yon dife ap boule nan bilding Tower Plaza aprè vouvari van an te frape vil Moore nan dat 20 me 2013 la.
Ozetazini, ekip sekouris ap chache moun ki ta sòti vivan aprè pasaj yon gwo tònad -swa yon gwo kokenn vouvari van- ki te kouvri plizyè kilomèt e ki pase sou vil Moore, nan Eta Oklahoma nan apremidi lendi 20 m e 2013 la. Bilan: Otorite yo konfime lanmò omwen 24 moun ; anpil nan mò sa yo se ti elèv lekòl primè ki te nan klas yo lè vouvari van an te kòmanse a. 120 moun pou pi piti blese.

Sekouris yo rive wete anpil ti moun ki te vivan toujou anba debri 2 lekòl ki kraze pandan pasaj vouvarivan an. Van yo tap soufle ak yon fòs 320 kilomèt a lè. Nan jounen madi a, sekouris yo kontinye ap chache nan debri yo pou wè si yo pa ta jwenn moun plis sivivan.

Prezidan Barack Obama –ki abòde sitiyasyon an nan matine jounen madi a nan Washington- deja deklare yon eta dijans pou Eta Oklahoma. Li pase lòd pou FEMA (ajans federal ki la pou jere sekou an ka dijans Ozetazini) ofri tout asistans otorite yo nan Oklahoma ta kapab bezwen.

Misye Obama ensiste pou l di tout atansyon peyi a fikse pou kounye a –nap site : « sou travay dijans kap fèt pou pote sekou bay viktim yo, chache jwenn kadav moun ki ta rete bloke anba debri yo toujou epi ede sivivan yo rebati lavi yo. » Prezidan Obama ajoute :

“Nap priye pou moun Oklahoma yo jounen Jodi a. Nou gen rekonesans pou pwofesè lekòl ki fè tout sa yo te kapab pou yo pwoteje timoun ki te sou responsablite yo; nou rekonesan tou anvè premye sekouris yo e anvè pèsonèl dijans yo ki te kouri poute èd yo nan menm moman kote tònad la tap pase a.”

Prezidan an kontinye pou l di ajans federal yo ap mete a la dispozisyon otorite yo nan Oklahoma tout asistans ki nesesè pou yo fè fas ak sitiyasyon an, nan moman responsab yo nan nivo lokal ap fè tout sa yo kapab pou yo montre popilasyon sinistre a lap genyen tout ankadreman ak èd yon sitiyasyon konsa reklame. Prezidan Obama fè konnen:

“ Yè swa, mwen fè parèt yon deklarasyon sou dezas yon fason pou n akselere deplwaman resous pou apiye ekip Gouvènè Oklahoma a kap chache pote yon repons rapid pou sitiyasyon an epi dirije asistans ki pral jwenn moun ki sibi pèt nan okazyon an.”

Gouvènè Eta Oklahoma a, Madam Mary Fallin, pa kache tristès sitiyasyon sa a lage nan kè li e li prezante regrè li ak kondoleyans li bay fanmi viktim yo. Gouvènè a di:

« Fanmi nou yo ap mande ki kote yap jwenn moun ki chè pou yo e ki disparèt. Nan moman nap pale la a, nap fè tout sa n kapab kòm yon eta, pou n voye sou plas tout sekouris posib ki ka sòti nan ajans nou yo. Tout òganizasyon charite yo deja sou plas pou yo patisipe nan efò rechèch ak sekou yo, kote yap eseye fè tout sa yo kapab pou yo gade anba tout moso debri, anba tout building, tout batiman, arebò tout wout, nan tout kominote nou yo, pou yo jwenn tout moun ki ta blese, ki disparèt nan tanpèt sa a ki frape Eta Oklahoma. »

Nan ane 1999, menm vil la (an palan de vil Moore) te viktim yon fenomèn menm jan an. Depi 2011, gwo vouvari van ki pase lendi nan Eta Oklahoma a, se tònad ki pi tèrib ki frape Lèzetazini; nan ane nou site la a, yon gwo vouvari van te pase nan Eta Missouri kote 161 moun te pèdi lavi yo.
XS
SM
MD
LG