Prezidan ameriken an, Barack Obama, genyen pou l fè pi ta semèn sa a yon diskou kote li pral pale de politik anti-teworis administrasyon l nan; se yon diskou kote li va bay detay sou kad legal ki sèvi kòm baz pou aksyon Lèzetazini ap pran kont menas teworis, san bliye itilizasyon avyon telegide.
La Mezon Blanch konfime nouvèl ki anonse diskou sa a kote prezidan an genyen tou pou l pase an revi pratik anprizonnman Lèzetazini itilize yo, avèk efò administrasyon Obama a mete sou pye pou l fèmen prizon militè ki sou baz Guantanamo a, nan Kiba. Prezidan an pral fè diskou sa a pandan li va ap vizite Inivèsite Defans Nasyonal la nan jounen jedi 23 me 2013 la.