Ozetazini, otorite lajistis nan vil Cleveland, nan Eta Ohio, lage sou do yon ansyen chofè bis lekòl, Ariel Castor, akizasyon deske li te komèt kidnaping ak kadejak sou 3 dam li te swadizan kenbe prizonye lakay li pandan yon dizèn dane. Non 3 dam sa yo se: Amanda Berry, Gina DeJesus ak Michelle Knight.
Ariel Castro te mete men sou 3 viktim yo ant 2002 e 2004, lè yo potko gen 20 tan oubyen apèn 20 tan. Madam Berry genyen yon timoun 6 zam ki te pran nesans pandan li te anba men kidnapè a.
Medam yo te jwenn mwayen chape poul yo nan jounen lendi 6 me 2013 la aprè Amanda Berry te atire atansyon yon vwazen sou sitiyasyon an epi misye te prese al kase pòt kay la kote Ariel Castro te kenbe 3 fi yo.
Ariel Castro gen 2 frè, Onil ak Pero Castro, ki tonbe anba men lapolis tou; men yo pap gen pou reponn okenn akizasyon. Lapolis fè konnen pa gen okenn prèv ki montre yo te mele nan kidnaping nan, oubyen yo te gen okenn ide ke frè yo a te kenbe medam yo prizonye lakay li.