Konsil Dèzamerik la òganize, mèkredi 8 me 2013 la, konferans anyèl li nan Washington kote otorite ameriken yo detaye nouvèl oryantasyon politik Lèzetazini vizavi rès emisfè a. Pami ofisyèl ki te pran lapawòl yo, genyen Asistan Sekretè Deta pou Afè Emisferik, Roberta Jacobson; Minis Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano; Vis Minis Komès la, Rebecca Blank, avèk Vis Prezidan Joe Biden. Pèsonalite ki te sèvi kòm moderatè se ansyen Asistan Sekretè Deta pou Afè Emisferik, Anbasadè John Negroponte, ki se aktyèl prezidan Konsil Dèzamerik la.
Nan mesaj Vis Prezidan Biden mete devan asistans la kòm prensipal oratè konferans la, li mete aksan sou enpòtans estrateji administrasyon Obama ap mete anplas pou li chanje fason Lèzetazini te konn pèsevwa dinamik rapò li ak rès emisfè a epi fè pèp nan rejyon an konnen lap travay seryezman pou l chanje pèsepsyon sa a ni bò kote pa li, ni bò kote Amerik Latin nan ak Karayib la.
Kèk nan pwen nan mesaj la ki atire atansyon laprès:
- <<Lontan Lèzetazini te konn mande : « Kisa nou ka fè pou rès emisfè a ? » Konyela a, kesyon an se : « Kisa nou ka fè ansanm avèk rès emisfè a ? >>
- «Demokrasi pa kapab fleri si ekonimi an pap pwogrese. »
- « Relasyon nou avèk Amerik Latin nan se yon patenarya ki kapab mennen nan chanjman politik ki nesesè pou fè emisfè nou an tounen yon platfòm global pou pwomosyon pensip ekonomik nou pataje. »
Lòt ofisyèl ki te patisipe nan konferans la se -nan lòd kwonolojik:
Martin O'Malley, Gouvènè Eta Maryland;
Sri Mulyani Indrawati, Direktè Bank Mondyal;
Richard Adkerson, PDG Freeport McMoran Copper & Gold, Inc;
Jij Anthony Kennedy, manm Kou Siprèm Lèzetazini an,
John McCain, Senatè Eta Arizona.
(A swiv)