Accessibility links

Breaking News

Washington ak Lond ap Anvizaje yon Chanjman nan Politik yo Vizavi Siri


Minis defans Chuck Hagel ak kòlèg britanik li a, Philip Hammond, ap pale ak laprès aprè yo te fin rankontre nan Pentagon nan, tou pre Washington, (Foto 2 May 2013).
Minis defans Chuck Hagel ak kòlèg britanik li a, Philip Hammond, ap pale ak laprès aprè yo te fin rankontre nan Pentagon nan, tou pre Washington, (Foto 2 May 2013).
Ozetazini, minis defans Chuck Hagel fè konnen administrasyon Obama a ap repanse politik kote li te toujou reziste kont lide pou l ta mete asistans zam a la dispozisyon rebèl kap goumen kont rejim prezidan Bashar al-Assad la nan peyi Siri.

Nan yon konferans pou laprès misye Hagel bay jedi 2 me 2013 la nan Pentagòn nan, kote li tap pale ansanm avèk minis defans britanik la, Phillip Hammond, li deklare gouvènman Obama a ap konsidere tout yon seri posiblite; men jiskaprezan li poko pran okenn desizyon sou dosye a. Misye Hagel di :

« Mwen apiye lide pou n eksplore opsyon yo epi gade pou n wè kisa ki reprezante pi bon opsyon an. Nap fè sa nan kowòdinasyon ak patnè entènasyonal nou yo. »

Bò kote pa l, minis defans britanik la, Philipp Hammond, di peyi li pat janm ekate posiblite pou l pote asistans militè bay rebèl siryen yo. Misye Hammond fè konnen :

«Tou lè 2 peyi nou yo pral fè sa n panse ki legal tou senpleman. San di pètèt, nan ka pa nou, nan La Grand Bretay, nou gen lontan depi nap respekte yon entèdiksyon Unyon Ewòp la ki anpeche nou voye ekipman militè bay militan rebèl yo. Nou dispoze analize sitiyasyon an ankò lè entèdiksyon an va ekspire. »

Pandansetan, pandan prezidan ameriken an, Barack Obama, tap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk prezidan meksiken an, Enrique Pen̈a Nieto nan vil Meksiko kote Misye Obama rive jedi apre-midi, li di li apiye pozisyon minis defans li a ak minis defans britanik la.

“ Deklarasyon Minis Hagel fè sou kesyon an se yon bagay map di depi kèk mwa deja : sètadi nou pa janm sispann evalye sitiyasyon an sou teren an ; nap travay ak patnè entènasyonal nou yo pou n wè ki opsyon ki pi bon pou n debouche sou yon tranzisyon politik ki mande pou Assad ale fè wout li, ki establize peyi a, ki mete fen nan afè moun kap mouri pa bann e pa pakèt la, epi ki pèmèt pèp siryen an deside pwòp avni li ...”

Prezidan Obama ak 2 minis defans yo (Misye Hagel pou Lèzetazini ak Misye Hammond pou La Grand Bretay) abòde dosye siryen an nan moman rejim Assad la ap sèvi ak avyon degè pou l chache pran kontwòl total vil Homs ki nan sant peyi a e kote majorite popilasyon an se moun ki sòti nan ras sinit la. Jiskaprezan, pi fò katye nan vil sa a anba men rebèl yo.
XS
SM
MD
LG