Accessibility links

Breaking News

“Yo se 2 Denatire e 2 Lach” : Kritik Vis-Prezidan Biden kont 2 Bonbis Boston yo.


Anzor Tsarnaev, ki prezante tèt li kòm papa Dzhokhar ak Tamerlan Tsarnaev, 2 sispèk nan ekspozyon bonm Boston yo. Li bay yon entèvyou nan vil Makhachkala ki pase sou Reuters TV (19 avril 2013).
Anzor Tsarnaev, ki prezante tèt li kòm papa Dzhokhar ak Tamerlan Tsarnaev, 2 sispèk nan ekspozyon bonm Boston yo. Li bay yon entèvyou nan vil Makhachkala ki pase sou Reuters TV (19 avril 2013).
Ozetazini, Vis Prezidan Joe Biden kritike 2 nèg yo sispèk kòm responsab eksplozyon bonm ki te deranje Maraton Boston nan lendi 15 avril pase a.

Misye Biden di yo se “2 denatire e 2 lach”. Vis Prezidan an pale konsa mèkredi swa nan yon sèvis relijye ki dewoule nan memwa yon ajan-polis, Sean Collier. Daprè sa otorite yo di, misye Collier te tonbe anba bal 2 frè sispèk yo, Tamerlan ak Dzhokhar Tsarnaev, 3 jou aprè eksplozyon bonm ki te fèt nan fen maraton an. Vis Prezidan an poze kesyon pou l mande:

“Eske gen yon rezon kèlkonk ki ka fè yon moun atake inosan ki pa fè li anyen?”

Plizyè milye moun, ki te gen rad dèy sou yo avèk tristès sou vizaj yo, te reyini nan MIT (Entiti Teknolojik Eta Massachusetts la) pou yo patisipe nan sèvis relijye a. Nap raple yon etidyant chinwaz, ki tap frekante yon inivèsite nan zòn Boston an, se youn nan 3 moun ki te pèdi lavi yo nan eksplozyon 15 avril yo. Chèf polis campus MIT a, John DiFava, pale nan sikonstans la pou l di polisye Collier te byen konprann yon bagay, sè ke anpil etidyan etranje gen konfyans nan polis lokal yo Ozetazini aprè eksperyans yo te fè nan pwòp peyi pa yo.

Youn nan sispèk yo, Tamerlan Tsarnaev -ki te gen 26 zan- te mouri nan yon maryaj koutzam ak lapolis jedi pase, tandiske otorite yo te fin pa mete men sou ti frè li a, Dzhokhar Tsarnaev ki, li menm, genyen 19 van. Misye tonbe anba akizasyon dèske li te itilize zam pou l komèt asasina pa bann e pa pakèt. Li anba men otorite federal yo nan Boston.

Dènye nouvèl yo fè konnen papa ak manman 2 sispèk yo anonse yap antre Ozetazini pou yo pran kò pitit ki mouri a, (an palan de Tamerlan Zardayèf) pou yo al antere kadav la nan peyi yo, Larisi. Yo pwomèt pou yo kowopere avèk otorite ameriken yo.
XS
SM
MD
LG