Accessibility links

Breaking News

Minit Silans nan Memwa Viktim Atanta Lendi Pase a Nan Boston


Sitwayen Boston yo, Eta Massachusetts, nan nò-ès Etazini, dwe obsève lendi a 2 zè mwen 10 yon minit “silans”, pou komemore premye semèn atanta mòtèl nan Marathon lendi 15 avril pase a ko pran lavi 3 moun e ki te paralize rejyon Boston an pandan yon semèn.

Atravè tout Boston ak nan divès lòt rejyon ann Eta a klòch legliz pral sonnen pou make okazyon solanèl sa a.

Dimanch, responsab Polis Boston an te fè konnen ankètè yo kwè 2 frè yo sispèk kòm lotè eksplozyon yo t ap planifye lòt atak.

Li di : "Nou deja fouye tout kote nou konnen ki te konekte dirèkteman ak 2 frè yo. Se klè yo te genyen lòt eksplozif. Yo te sote eksplozif sou sèn arestasyon an e tire kout-zam nan Watertown. Nou santi yo te genyen plan pou yo sèvi ak eksplozif sa yo, petèt sou sib « fasil e mwen pwoteje »"

Pi Gran frè Tsarnaev yo, sispèk nan eksplozyon , anpalan Tamerlan, 26 zan, te pèdi lavi l nan boukantay kout zam avèk fòs sekirite yo jedi pou louvri vandredi pandan pi jèn nan, Dzhokhar, te rive sove; men otorite yo kenbe li vandredi pase.

Dzhokhar, 19 van, kouche lopital nan yon kondisyon grav e lap resevwa swen; li sou sedatif (konprann li enkonsyan) li pa ka pale akòz blese li resevwa pandan li ta p eseye chape poul li pou lapolis pat mete men sou li.

Majistra kominal vil Boston an, Thomas Menino, di yon chèn televizyon Amerikèn ( ABC) “Tsarnaev, blese pa bal nan kou ak nan gòj. Anketè yo di, blesu li a, sanble kòmkidire se li ki ta tire sou pwòp tèt li.

Menino fè konnen 2 frè yo reyisi objektif yo te fikse a "pran vil la kòm otaj."

Mesye Menino di: "se objektif evènman teworis sa yo : kenbe vil la nan otaj e bloke ekonomi vil la. Gade sa k rive vandredi pase a. Tout vil la fèmen, komès la pap fonksyonen, pèsonn pa kapab kite kay yo. Okenn aktivite, okenn komès pap fonksyonen."

Eksplozyon Boston yo pran lavi 3 moun e blese plis pase 180 lòt.
XS
SM
MD
LG