Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vwayaj Sekretè Deta Kerry nan Lachin ak Kesyon Dwamoun


Premye Minis chinwa a, Li Keqiang (adwat) ap pale avèk Govènè Eta Kalifòni an, Jerry Brown, pandan yon rankont nan konplèks Zhongnanhai nan Peken (11 avril 2013).
Premye Minis chinwa a, Li Keqiang (adwat) ap pale avèk Govènè Eta Kalifòni an, Jerry Brown, pandan yon rankont nan konplèks Zhongnanhai nan Peken (11 avril 2013).
.Gwoup defans dwamoun yo lanse yon apèl prese-prese bay Sekretè Deta John Kerry pou mande li soulve kesyon trètman disidan yo ak lòt pwoblèm ki gen rapò ak dwamoun, pandan yon vizit li gen pou l fè nan peyi Lachin –vizit kote sa k pral domine chita-tande yo --daprè previzyon ki fèt-- se sitiyasyon an nan Kore di Nò.

Divès gwoup (pami yo nou jwenn Human Rights Watch ak Repòtè San Fwontyè) voye bay misye Kerry semèn sa a yon lèt kote yo fè konnen yo gen enpresyon Washington sakrifye domèn dwamoun nan, nan moman lap eksplore posiblite pou l ranfòse rapò ekonomik li ak Lachin, epi chache apui Peken nan rechèch yon solisyon pou dilèm nò-koreyen an ak lòt pwoblèm entènasyonal.

Lèt la fè konnen menmsi Lachin pa sispann reziste devan presyon entènasyonal kap fèt sou li pou l amelyore dosye dwamoun lakay li, gen siyn ki montre Peken pa rete endeferan totalman devan presyon sa yo.

Dokiman an akize gouvènman chinwa a dèske li sere baboukèt la sou moun kap kritike rejim nan, lap pratike yon seri politik kap abize popilasyon an nan rejyon Tibè a ak pwovens Xinjian, epi li enpoze restriksyon sou sosyete sivil la, sou libète lapawòl ak itilizasyon entènèt la.
XS
SM
MD
LG