Accessibility links

Breaking News

Preparasyon Kore di Sid pou Tout Atak ak Misil Kore di Nò ta Lanse


Yon sòlda sid-koreyen monte lagad nan yon pòs militè tou pre zòn demilitarize ki divize 2 Kore yo nan vil Paju, sou fwontyè 2 peyi yo (5 avril 2013).
Yon sòlda sid-koreyen monte lagad nan yon pòs militè tou pre zòn demilitarize ki divize 2 Kore yo nan vil Paju, sou fwontyè 2 peyi yo (5 avril 2013).
Daprè nouvèl ki sòti nan Seoul, otorite yo nan Kore di Sid kontinye pran dispozisyon pou yo fè fas ak tout sitiyasyon kote Nò-Koreyen yo ta lanse atak ak misil sou peyi a. Pandansetan, kabinè ministeryèl ki responsab relasyon ant 2 Kore yo, fè konnen tout desizyon pou kenbe ouvè yon pak endistriyèl kap fonksyone tou prè fwontyè 2 peyi yo (men ki sou tèritwa nò-koreyen an) se responsablite Kore di Nò e Kore di Nò sèlman.

Pandansetan, tansyon kap monte ant 2 peyi yo --akoz menas Kore di Nò pa sispann fè pou di li pare pou l lanse atak ak misil sou Lèzetazini ak Kore di Sid-kreye yon sitiyasyon kote menm ekspesyalis ap poze kesyon pou mande kisa k pral pase nan zòn Ekstrèm Oryan an, kote Pyongyang deja mete misil sou lansè mobil, nan yon moman kote Lèzetazini ak Kore di Sid ap fè egzèsis militè nan pati sid preskil la.

Alexandre Mansourov, yon ekspè nan kesyon relasyon entènasyonal kap vizite Enstiti Amerikano-Koreyen an nan University Johns Hopkins, nan Baltimore, tou prè Washington, fè konnen li genyen yon lide sou rezon ki fè gouvènman nò-koreyen an lanse lagè sikolijik sa a. Misye Mansourov deklare:

“Nò-koreyen yo ap chache fè lemond pè nan yon pwen kote, aprè yo fin lanse yon misil oubyen fè yon tès misil, lè Nasyon Zini va fè reyinyon pou l anvizaje pran yon lòt seri sanksyon kont yo, anvizaje yon lòt fason pou kondane yo, ebyen, yo espere l’ONU va reflechi 2 fwa epi mande tèt li: Eske nou vle vrèman fè tansyon an monte pi wo toujou?"

Pandansetan, ministè sid-koreyen ki la pou travay sou reyinifikasyon 2 Kore yo, di gouvènman an pran tout dispozisyon ki nesesè devan menas konpòtman Kore di Nò poze pou sekirite pèp sid-koreyen an.
XS
SM
MD
LG