Sekretè deta ameriken an, John Kerry, gen pou l ale nan Turki ak Izrayèl semèn k ap vinn la a, swa kèk jou sèlman apre prezidan Barack Obama te fè demach pou amelyore relasyon ant Tel-Aviv ak Ankara.
Pòtpawòl Depatman Deta Lèzetazini an, Victoria Nuland, di mesye Kerry pral vizite vil Istanboul dimanch pwochen apre yon eskal nan Izrayèl ak nan Si-Jordani ki anba kontwòl Otorite Palestinyèn nan.
Apre sa, chèf diplomasi amerikèn nan pral pran direksyon vil Lond, kapital britanik la, pou 2 vizit ke 2 peyi yo te planifye byen lontan.
Minis afè etranjè Turki a, Ahmet Davotoglu, fè konnen li menm ak mesye Kerry pral diskite sou sèten dosye rejyonal ki bay kè-sote, pami yo : kriz Siri a ak pwosesis lapè ant Palestinyen ak Izrayelyen yo an.