Mèkredi 3 Avril 2013 la make 13èm anivèsè asasina jounalis ayisyen, Jean Leopold Dominique –pwopriyetè e direktè Radio Haiti Inter-- ansanm ak gadyen estasyon an, Jean-Claude Louissaint. Anpil vwa pa sispann leve nan mitan sosyete ayisyèn nan pou reklame jistis pandan aparèy jidisyè a kontinye ak demach yo, men san siksè.
Pandansetan òganizasyon medyatik SOS Jounalis, nan vwa responsab li, jounalis Guyler C. Delva, fè konnnen li gen espwa nouvo jij ki sou dosye a va finalman rive bay fanmi 2 viktim yo jistis.
Yon lòt kote, plizyè sektè nan peyi d Ayiti --an patikilye palman an-- kontionye ensiste pou pouvwa egzekitif la pibliye dekrè sou fòmasyon KT-KEP a (Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an).
Klike sou ikonn agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior .