Accessibility links

Breaking News

Yon Trete entènasyonal sou Kontwòl Zam Bloke nan Nasyon Zini


Iran, Lasiri ak Kore di Nò vote, jedi 28 mas 2013 la, pou yo bloke adopsyon yon trete Nasyon Zini vle adopte pou l mete kontwòl sou komès zam kap fèt nan lemond –yon komès kap woule sou 70 milya dola. Dapre 3 peyi sa yo, pwojè trete a pa balanse e li gen rezon politik dèyè l.

Pwopozisyon an te bezwen apwobasyon tout manm Konsèy Sekirite a pou l pase pandan deba ki fèt nan katye jeneral Nasyon Zini an nan New York. Sepandan yon kowalisyon peyi di yo pral mete dokiman an anvan devan asanble jeneral la kote yo panse li gen plis chans pou l pase.

Avan vòt jedi a, Lèzetazini --ki se pi gwo ekspòtatè zam nan lemond- te kont kèk pati nan pwopozisyon an; men madi pase a diplomat ameriken yo te fè konnen trete a se yon bon trete e Washington dispoze apiye l .
XS
SM
MD
LG