Accessibility links

Breaking News

Tansyon sou Preskil Kore a / Avètisman Lèzetazini pou Pyongyang


Yon bonbadye B-2 "Stealth" aviyasyon militè Lèzetazini ap vole tou prè yon baz ayeryen ameriken nan Pyeongtaek, o-sid Seoul, Kore di Sid (28 Mas 2013).
Yon bonbadye B-2 "Stealth" aviyasyon militè Lèzetazini ap vole tou prè yon baz ayeryen ameriken nan Pyeongtaek, o-sid Seoul, Kore di Sid (28 Mas 2013).

Avyon bonbadye B-2 ameriken reyalize kèk egzèsis sou preskil Kore a. Lame amerikèn pa mete dlo nan bouch li pou l di egzèsis sa a reprezante yon siyal ki voye yon avètisman bay Kore di Nò.

Anvan egzèsis la te dewoule, laprès te mande George Little, pòtpawòl Pentagòn nan –kidonk, Depatman Defans Lèzetazini an-- kijan otorite ameriken yo reyaji aprè Kore di Nò te pran desizyon pou l koupe liyn kominikasyon dijans ki te egziste ant lame 2 Kore yo. Misye Little reponn pou l di:

“Sa, se yon lòt aksyon pwovokasyon rejim nò-koreyen an poze, e sa pa fèt pou ede bagay yo. Li trè zenpòtan pou Kore di Nò fikse atansyon l sou dosye nou konsidere ki nesesè a: sètadi estabilite ak lapè sou preskil Kore a. Pwovokasyon li yo ak pawòl piman-bouk li yo pap ranje sitiyasyon an. “

Sa pa gen lontan, Kore di Nò te dekonekte yon telefòn wouj ki nan vilaj Panmunjom e ki te tabli kontak ant otorite 2 peyi yo, epi li te koupe tou tout kontak telefonik ki te lye gouvènman nò-koreyen an ak kòmandman fòs l’ONU Lèzetazini ap dirije a. Sepandan, gouvènman sid-koreyen an di genyen yon liyn kominikasyon ki rete ouvè jiskaprezan : se sila ki sèvi pou dirije kontwòl trafik ayeryen an.

Sewoul lanse apèl pou l mande Pyongyang re-louvri liyn telefonik ki lye 2 lame yo ; paske, daprè gouvènman sid-koreyen an, sa asire sekirite anplwaye kap sòti Kore di Sid pou y al travay nan Pak Endistriyèl Kaesong nan, ki sou fwontyè 2 peyi yo; se tou lè 2 Kore yo ki jere enstalasyon sa a.
XS
SM
MD
LG