Accessibility links

Breaking News

Tansyon ant 2 Kore yo : Pyongyang Koupe yon Lòt Liyn Kominikasyon


Kat Jewografik 2 Kore yo
Kat Jewografik 2 Kore yo
Nan Pyongyang, kapital Kore di Nò, otorite yo deside koupe liyn kominikasyon dirèk e dijans ki te egziste ant wot eta majò lame 2 peyi yo (swa youn nan dènye lign kominikasyon ki te genyen ant Sewoul ak Pyongyang), nan moman tansyon an ap monte sou Preskil Kore a. Ajans nouvèl santral Kore di Nò a (KCNA) –ki bay nouvèl sou dosye a byen bonè mèkredi 27 mas 2013 la- fè konnen otorite yo voye bay Kore di Sid yon mesaj kote yo ensiste pou di kominikasyon pa nesesè ankò, puiske –nap site : « yon lagè kapab pete a nenpòt ki moman », fen sitasyon.

Nan Sewoul, Depatman Inifikasyon an fè Lawadlamerik konnen li an mezi pou l konfime desizyon Kore di Nò pran pou l koupe kontak ki te pase pa yon telefòn wouj ki nan Pak Endistriyèl Keasong nan; se yon enstalasyon 2 peyi yo administre ansanm sou yon ti distans o-nò zòn demilitarize a e telefòn ki ladan n nan te tabli kominikasyon dirèk e dijans ant 2 peyi yo.

Nan le pase, Kore di Nò te koupe liyn kontak dirèk ant 2 lame yo –yon aksyon ki te kite anplwaye kap travay nan pak endistryèl la san mwayen pou yo kominike ak rès peyi Kore di Sid, menmsi sete tanporèman. Moun poko konnen jiska ki degre dènye desizyon sa a pral afekte operasyon pak la.

Kore di Nò anonse desizyon an nan moman otorite peyi a pa pase menm yon jou san yo pa poze yon jès senbolik oubyen fè menas pou yo lanse yon lagè kont Kore di Sid. Pyongyang fache akoz egzèsis militè Lèzetazini ak Kore di Sid fè chak ane (youn te dewoule sa gen kèk jou sèlman) e Kore di Nò pa kontan deske Òganizasyon Nasyon Zini fèk pran kèk sanksyon kont li poutèt li te reyalize yon tès nikleyè sa pa gen lontan.
XS
SM
MD
LG