Accessibility links

Breaking News

Eske Rebèl Siryen yo Itilize Zam Chimik Kont Popilasyon an?


Nan Siri, gouvènman an akize rebèl ki kont prezidan Bashar al-Assad yo dèske yo atake vil Alèp avèk zam chimik ki lakoz 15 moun mouri. Daprè nouvèl ajans leta a, SANA, pibliye madi 19 mas la, rebèl yo ta tire yon wokèt avèk kèk pwodwi chimik sou zòn Khan al-Asal la.

Byen bonè nan jounen madi a, kowalisyon nasyonal opozisyon an chwazi ansyen òm dafè Ghassan Hitto --ki te etidye Ozetazini-- kòm premye minis pwovizwa pou dirije zòn rebèl yo te sezi nan men sòlda siryen yo.

Msye Hitto resevwa 35 vwa sou 48 nan men manm kowalisyon an ki te reyini nan peyi Tiki. Msye Hitto te viv Ozetazini pandan plizyè dizèn lane ; men sa pa gen lontan li te kite Tegzas pou l al tabli li nan Tiki kote lap pote konkou li nan travay kap fèt pou kowòdone asistans ki prale nan zòn ki anba men rebèl yo.
XS
SM
MD
LG