Ann Ayiti, dirijan 2 chanm Palman an sanble mete yo dakò finalman sou chwa 3 reprezantan pouvwa lejislatif la nan enstitisyon ki pral òganize eleksyon nan peyi a.
Sepandan, kriz la poko rezoud totalman, puiske jiskaprezan yon mezantant toujou egziste nan nivo CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a) sou kesyon pou konnen ki lès (3 pèsonalite) ki pral reprezante pouvwa jidisyè a nan enstitisyon elektoral la.
Vis Prezidan chamm wòt la, Senatè Andris Riché --ki pale ak korespondan Sèvis Kreyòl la, Rotchild François Junior-- fè konnen palmantè 2 chanm yo te fè kèk deba manch long e difisil ki fini byen ta vandredi 14 mas 2013 la, anvan yo te rive jwenn yon antant final sou dosye a.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Rotchild kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.