Kadinal yo nan Vatican seleksyonen yon nouvo Pap pou ranplase Pap Benoît 16 ki demisyonnen 28 fevriye pase a. Kadinal Jean-Louis Tauran parèt sou balkon Bazilik Sen-Pyè a e li deklare :"Habemus Papam" ki vle di : Nou gen yon Pap".
Non nouvo Souveren Pontif la, se Jorge Mario Bergoglio; li te pran nesans an 1936 nan vil Buenos-Aires, nan peyi Ajantin. Li gen 76 tan. Li sakre Pap sou non François.