Accessibility links

Breaking News

Vatikan/Eleksyon Pap : Lafimen Nwa Sòti nan Chemine a / Vòt la ap Kontinye


Lafimen nwa sòti nan chemine Chapèl Sikstin nan apre kadinal yo fin fè premye vòt yo sou 2èm jou konklav la (mèkredi 13 mas 2013).
Lafimen nwa sòti nan chemine Chapèl Sikstin nan apre kadinal yo fin fè premye vòt yo sou 2èm jou konklav la (mèkredi 13 mas 2013).
Nan Vatikan, yon ti chemine ki sou tèt Chapèl Sikstin nan se sant atansyon mond katolik la, nan moman 115 kadinal ap vote pou yon 2èm jou, mèkredi 13 mas 2013 la, pou yo eli yon nouvo pap. Premye nouvèl ki sòti Vatikan fè konnen, aprè premye vòt lajounen an, se yon lafimen nwa ki sòti nan chemine a; kidonk, premye vòt la pa debouche sou chwa yon pap. Koulè lafimen an anonse konklav la debouche (ou poko debouche) sou chwa siksesè Benwa 16 la: si lafimen an nwa, chwa a poko fèt; si lafimen an blanch, sa vle di kadinal yo antann yo sou yon kandida e yo chwazi yon nouvo pap.

Kadinal yo te kòmanse konklav yo a madi 12 mas 2013 la nan Site Vatikan ; men yo pat rive chwazi yon siksesè pou Benwa 16 ki te bay demisyon n mwa pase a. Plizyè milye moun rasanble sou Plas Sen Pyè a, nan vil Wòm, kote yap tann rezilta vòt kadinal yo –an tou, genyen 4 vòt pa jou, pa plis. Yon kandida dwe resevwa 2 tyè vot yo (swa 77 vwa) pou l ranpòte papote a, donk dwa pou l dirije yon milya 200 milyon katolik women ki genyen nan lemond.

Aprè chak vòt, yo boule bilten yo e yo ajoute yon spwodui sou aparèy kote bilten yo ap boule a ; se pwodui sa a ki bay swa yon lafimen nwa, swa yon lafimen blanch. Nan ka lafimen an blanch, yon kadinal ap parèt nan yon fenèt ki bay sou plas Sen Pyè a kote dè milye moun ap tann anons chwa nouvo pontif la; epi kadinal la va di nan lang laten an: “Habemus Papam”, ki vle di "Nou genyen yon pap."

Kadinal yo -ke yo rele « prens legliz la »- ap rete fèmen nan Chapèl Sikstin nan jiskaske yo va fin chwazi nouvo pap la. Yo fè sèman pou yo kenbe sekrè sou dewoulman vòt la toutotan yo poko anonse eleksyon nouvo chèf legliz katolik la; kidonk, yo pa kapab fè ni laprès, ni pèsonn lòt moun konnen nan ki sans yo vote. Si yon kadinal vyole sèman sa a, pèn nan se ekskominikasyon. Konklav la kapab dire plizyè jou.
XS
SM
MD
LG