Accessibility links

Breaking News

Chwa Reprezantan Palman an nan Kolèj Tranzitwa CEP a «ka fèt anvan lontan »


Ann Ayiti, Senatè Simon Dieuseul Desra ak Depite Danton Léger deklare chwa reprezantan palman an nan Kolèj Elektoral la pral fèt anvan lontan –an tou ka anvan fen jounen lendi 11 mas 2013 la, dat-limit komisyon bi-kameral la genyen pou l fè chwa yo. Senatè Desra se prezidan sena a ak asanble nasyonal la, e Depite Léger se pòtpawòl komisyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon korespondans Rotchild François Junior sou dosye a (kote nou va tande deklarasyon Senatè Desra sou travay komisyon an) epi yon entèvyou direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, fè avèk Depite Danton Léger.
XS
SM
MD
LG