Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Jistis : Konparisyon Ansyen Prezidan Duvalier Devan Tribinal Jedi 28 Fevriye 2013 la


Ansyen prezidan ayisyen Jean-Claude Duvalier gen pou l prezante jedi 28 Fevriye 2013 la devan yon kou dapèl pou l reponn divès akizasyon k ap peze sou do li –tankou akizasyon deske li te mele nan detounnman lajan leta ayisyen.

Fritzo Canton, youn nan 3 avoka k ap defann Misye Duvalier yo, di Lavwdlamerik, jiska nan fen jounen mèkredi 27 fevriye a, defans la potko pran desizyon sou kesyon pou konnen si ansyen prezidan an ap prezante nan tribinal la oubyen si se avoka li ki prale nan plas li, jan sa te fèt yon premye fwa.

Mèt Canton di avoka yo potko gen asirans otorite konsène yo pral garanti sekirite kliyan yo a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute deklarasyon Mèt Canton fè nan mikwo jounalis Lavwadlamerik Jean-Pierre Leroy.
XS
SM
MD
LG