Accessibility links

Breaking News

19 Touris Mouri apre Aksidan yon Balon Gonfle ak Er Cho


Nan peyi Ejip, 19 touris pèdi la vi yo nan aksidan yon balon ki gonfle ak èr cho(balon Montgolfyè) ki rive nan vil Louxor .

2 lòt moun pami yo pilòt balon an soti sen-e-sof lè balon an te pran dife anvan li eksploze pandan li t ap vwayaje ak yon otè 300 mèt sou tèt riv oksidantal flèv Nil la.

Responsab yo di: moun ki mouri yo se sitwayen la Frans, Grand’Bretay ak kèk lòt peyi yo pa site. Zòn kote balon an al tonbe a, se kapital Ejipt moun te konnen nan tan lontan an, yon kote ki atire anpil touris ki al vizite ansyen tanp, palè ak tonbo, pami yo anplasman kote yo te antere Pharaon Tutankhamun.

Ajans kiltirèl Nasyonzini, Unesco deziye zo’n sa a kòm yon eritaj mondyal depi 1979.
XS
SM
MD
LG