Accessibility links

Breaking News

Siri - Kriz Politik: Gouvènman al-Assad la Dispoze Dyaloge ak Opozisyon an


Daprè nouvèl ki sòti nan Damas, kapital peyi Siri, gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la anonse li dispoze antre nan yon dyalòg avèk opozisyon ame a.

Minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallen --kap fè yon vizit nan Moskou, kapital Larisi-- pale lendi 25 fevriye 2013 la pou l di gouvènman Damas la dispoze tanmen dyalòg ak tout moun ki vle dyaloge.

Pandan sejou li nan Moskou, misye al-Moallen gen pou l rekontre ak tokay ris li a, Sergey Lavrov, ki te fè konnen, semèn pase a, pa genyen okenn solisyon militè pou kriz ki pete nan Siri a, e si batay yo kontinye ant fòs gouvèmantal yo ak militan rebèl yo, sa ka debouche sou yon sitiyasyon kote tou lè 2 gwoup yo ap finn pa detwi.
XS
SM
MD
LG