Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon 4 Senatè Ameriken Mete fen nan yon Vizit ann Ayiti


Yon delegasyon 4 senatè demokrat ameriken mete fen nan yon vizit 2 jou ann Ayiti jodi jedi 21 fevriye a.

Delegasyon an te gen nan tèt li senatè Patrick Leahy ki reprezante eta Vermont. Palmantè ameriken yo rankontre ak plizyè otorite ayisyen tankou prezidan Michel Martelly, premye minis Laurent Lamothe ak kèk lòt otorite.

Manm delegasyon senatè ameriken an konstate efò rekonstriksyon Ayiti a, ki tanmen depi pasaj tranblemanntè 2010 la.

Se 3zyèm vizit senatè Leahy fè ann Ayiti nan yon peryòd 3 zan, kote lal ekzaminen rekonstriksyon peyi a.
XS
SM
MD
LG