WASHINGTON, DC —
Lèzetazini revele yon nouvo estrateji pou fè fas ak gwo ogmantasyon menas piratri ak espyonaj sou rezo Entènèt.
Yon sèl sekrè komèsyal ka vo plizyè milyon dola ou menm plizyè milya. Vòlè sekrè komèsyal ka fòse konpayi yo revoke anplwaye, fèmen izin, pèdi lavant ak benefis yo. Yo ka pèdi tou avantaj ak pozisyon yo nan konkirans komèsyal, e menm oblije yo fèmen pòt yo.
Minis jistis Etazini an, Eric Holder, anonse nouvo apwòch sa a nan yon konferans pou la près li te bay mèkredi 20 fevriye a.
Msye Holder di Depatman Lajistis Etazini ap travay avèk divès eta e ak ajans gouvènmantal yo pou yo ka jwen e trennen devan la jistis tout moun ki mele nan vòl ak espyonaj sou entènèt la.
Otorite yo pran desizyon sa a, yon jou apre konpayi sekirite entènèt "Madiant", ki baze Ozetazini, pibliye yon rapò sou yon inite sekrè nan Lame Popilè Chinwa a ki dèyè yon gwoup ki, depi 2006, lanse apeprè 150 atak "sibènetik" sou yon seri sib, e pifò ladan yo baze Ozetazini.