Accessibility links

Breaking News

Apèl Reprezantan l’ONU pou Eleksyon Dewoule ann Ayiti


Ann Ayiti, Nigel Fisher, nouvo reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay aktè politik yo pou l mande yo travay ansanm pou eleksyon kapab dewoule anvan lontan nan peyi a.

Kritik atire atansyon, pa egzanp, sou le fèt ke eleksyon pou renouvle yon tyè Sena a te dwe dewoule depi nan mitan ane 2012 la ; eleksyon pou pèp la chwazi lidè lokal yo gen pou fèt tou.

Sepandan otorite responsab yo pa manifeste volonte pou yo respekte kalandirye elektoral la, paske –daprè menm kritik yo-- peyi a pa gen yon mekanism pou fòse gouvènman an plas la òganize vòt yo nan dat ki fikse. Jiskaprezan, palman an, pouvwa jidisyè a ak pouvwa egzekitif la poko rive antann yo sou fòmasyon yon antite pou mete eleksyon yo sou pye epi sipèvize dewoulman yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon korespondans Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG