Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Politik: Enstalasyon Nouvo Kabinè Ministeryèl la / Reyaksyon


Ann Ayiti, Premye Minis Laurent Lamothe, ki tap prezide seremoni enstalasyon nouvo manm gouvènman an mèkredi 23 janvye 2013 la, di li enpòtan pou minis yo travay pou yo bay rezilta nan benefis popilasyon an.

Pandansetan, prezidan asanble nasyonal la, Senatè Simon Dieuseul Desra –ki tap reyaji sou fòmasyon kabinè a- di li regrèt le fèt ke gouvènman an pat fè apèl ak lòt sektè politik nan moman li tap chwazi nouvo vizaj pou antre nan kabinè a, menm si li bat bravo pou prezans 2 lòt fanm nan ekip ministeryèl la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior.
XS
SM
MD
LG