Accessibility links

Breaking News

Etazini - Benghazi: Sekretè Deta Hillary Clinton ap Konparèt Devan Kongrè a


Chèf diplomasi amerikèn nan, Hillary Clinton, ap fè depozisyon n mèkredi 23 janvye 2013 la devan yon komisyon Kongrè a sou atak ki te fèt nan Libi kote 4 diplomat ameriken te pèdi lavi yo –pami yo te genyen ambasadè Lèzetazini nan Tripoli a, Christopher Stevens. Atak sa a te dewoule nan vil Banghazi, nan pati lès Libi.

Pòt-pawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, fè konnen Madam Clinton ap santre atansyon n espesyalman sou sa diplomat ameriken yo ap fè pou yo mete an aplikasyon rekòmandasyon yon komisyon ki te mennen ankèt sou atak la.

Objektif ankèt sa a, se te etidye pwen-pa-pwen tout sa k te pase a, epi chache tabli ki moun ki responsab le fèt ke diplomat ki te viktim yo pat jwenn pwotek-syon ki te nesesè a. Madam Nuland di:

“Nou va sonje ke Sekretè Deta a te pran angajman pou l aksepte tou lè 29 rekòmandasyon yo; e li vle pou aplikasyon rekòmandasyon yo kòmanse lontan anvan siksesè l la antre an fonksyon. Alòs, mwen panse li pral prezante yon rapò sou sa”.

San di pètèt, manm kongrè a ap poze Madam Clinton kesyon sou le fèt ke, o kòmansman, administrasyon Prezidan Obama a te lage reponsablite atak Banghazi a sou do militan islamik ki tap pwoteste kont yon film ki te fèt Ozetazini e ki manke

Pwofèt Mahomè dega ; yo pat prezante li kòm yon atak teworis. Pòtpawòl Victoria Nuland raple ke Sekretè Deta-a te pran responsablite pou sa lè l deklare :
“San di pètèt, si nou konsidere tout deklarasyon Sekretè Deta a fè sou dosye a, nap wè li te rekonèt se responsablite pèsonèl li pou l tire leson nan sa ki te pase a e pou l fè Depatman an ale de lavan”.

Se pral petèt dènye fwa Sekretè Deta Clinton pral konparèt devan kongrè a kòm chèf diplomasi Lèzetazini, anvan li kite pòs la pou pèsonalite Prezidan Barack Obama nonmen pou ranplase l la, an palan de Senatè John Kerry. Daprè previzyon ki fèt, Misye Kerry pa ta dwe gen pwoblèm pou l jwenn konfimasyon konfrè l yo nan Sena a.

Madam Clinton te gen pou l reponn kesyon manm kongrè a sou dosye Benghazi a depi nan mwa desanm pase a ; men palmantè ameriken yo te aksepte ba li plis tan pou l te kapab refè anba yon maladi kote li tap soufri ak yon viris nan vant li; ansuit li te swiv doktè ki te pran swen yon kayo-san ki te fòme nan tèt li.
XS
SM
MD
LG