Accessibility links

Breaking News

Cark Alexandre : Nouvo Vis-Reprezantan l’ONU ann Ayiti


UN-Haiti
UN-Haiti
Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, nonmen ameriken Carl Alexandre kòm vis-reprezantan espesyal li bò kote Misyon Estabilizasyon l’ONU nan peyi Dayiti (MINUSTHA). Misye Alexandre pral ranplase Kevin Kennedy ki te okipe pòs sa a depi avril 2010 pou rive desanm 2012.

Sekretè Jeneral Ban chante lwanj misye Kennedy pou bon sèvis devwe li te rann pandan li tap ranpli wòl li nan MINUSTAH e pou kontribisyon enpòtan li pote nan aksyon l’ONU ann Ayiti apre tranblemanntè ki te frape peyi a nan kòmansman ane 2010 la.

Daprè yon nòt Nasyonzini pibliye, nouvo vis-reprezantan Sekretè Jeneral la okipe gwo pozisyon nan gouvènman ameriken an depi 2001. Nòt la di Misye Alexandre se yon bon jesyonè e li gen eksperyans nan domèn devlopman entènasyonal ak etadedwa. Li te travay kòm gwo konseye rezidan legal peyi Etazini ann Ayiti sòti nan mwa novanm 1994 pou rive nan mwa jen 1997.

Yon lòt kote, mèkredi 16 janvye 2013 pase a, depite amerikèn Barbara Lee, ki reprezante 113èm sikonskripsyon Eta Kalifòni an, avèk plizyè kòlèg li nan Chanm Depite Etazini an, te soumèt yon rezolisyon ki mande Washington « akselere dechoukaj maladi kolera ann Ayiti »…e ki reklame plis transparans nan asistans Lèzetazini ap bay peyi karayib la.

Pami rezon Depite Lee bay kòm motif rezolisyon sa a, li site lefèt ke maladi kolera a te pran nesans nan kontaminasyon yon rivyè nan rejyon Ba-Atibonit la ak matyè fekal ki te sòti nan yon baz twoup mentyen lapè Nasyon Zini yo, MINUSTAH, nan zòn ki te responsab, selon yon komisyon dankèt, deklanchman epidemi an ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG