You gwoup diplomat ameriken ki gen pou al travay ann Ayiti vizite Lavwadlamerik madi 15 janvye a pou wè kòman radyo a fonksyone. Yo te gen opòtinite rankontre ak chak moun nan Sèvis Kreyòl la pou poze yo kesyon sou travay y ap fè pou enfòme e edike sitwayen ayisyen nan peyi Dayiti ak sa k ap viv lòt kote atravè lemond.
Pandan vizit sa a, diplomat yo te asiste yon prezantasyon chèf Sèvis la, Ronald César sou istwa Lavwadlamerik e sou manman lwa ki defini liy radyo a sou plan editoryal, etik ak deyontolojik.
Pandan vizit sa a, diplomat yo te asiste yon prezantasyon chèf Sèvis la, Ronald César sou istwa Lavwadlamerik e sou manman lwa ki defini liy radyo a sou plan editoryal, etik ak deyontolojik.