Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Revize Lwa Sou Sikilasyon Zam nan Peyi a


Prezidan Barack Obama ak Vis-Prezidan Joe Biden pandan anons fòmasyon yon komisyon sou revizyon lwa konsènan kontwòl zam Ozetazini.
Prezidan Barack Obama ak Vis-Prezidan Joe Biden pandan anons fòmasyon yon komisyon sou revizyon lwa konsènan kontwòl zam Ozetazini.
Ozetazini, Prezidan Barack Obama lanse apèl bay Kongrè a pou l remete nan plas li yon entèdiksyon kont lavant zam-daso pou senp sitwayen yo. Misye Obama pale konsa mèkredi 19 desanm 2012 la, swa 5 jou aprè yon jenn-gason 20 tan te sèvi ak yon zam manm-lame abitye itilize pou l touye 20 timoun ak 6 pwofesè nan yon lekòl nan Eta Connecticut.

Prezidan an nonmen Vis-Prezidan Joe Biden kòm pèsonalite ki pral dirije efò pou ekri kèk pwopozisyon byen klè sou kesyon an e komisyon lap fòme pou sa pa dwe kite mwa janvye 2013 la pase pou pwopozisyon sa yo pa fin pare. Daprè Misye Obama, genyen anpil kesyon ki rete san repons aprè asasina an seri ki fèt nan Connecticut yo. Prezidan Obama di –nap site:

“Nou kapab pa janm konnen tout rezon ki fè trajedi sa a rive. Men nou byen konnen ke depi jou vandredi sa a, anpil lòt ameriken mouri anba zak vyolans e anba kout-bal. E si genyen yon sèl grenn bagay nou kapab fè pou nou evite evennman konsa rive, nou tout genyen yon gwo obligasyon pou n eseye evite yo.”

Prezidan Obama mande tou pou otorite yo fè bon jan tchèk sou tout senp sitwayen kap chache achte zam-a-fe nan men konpayi prive ki vann zam konsa.
XS
SM
MD
LG