Accessibility links

Breaking News

Somè G-7 Plis la ap Dewoule Semenn sa a Ann Ayiti



Ann Ayiti, vil Pòtoprens pral sèvi kòm syèj somè peyi manm gwoup «G-7 Plis la», swa yon gwoup peyi ki sou wout devlopman. Nan somè sa a, k ap kòmanse madi 13 novanm nan e lap dire 2 jou, delege yo pral fè deba sou pwoblèm peyi yo ap konfwonte.

Premye Minis Tomor Oryantal la, Vasconcelos Xanana Gusmao, ki deja rive nan kapital Ayiti a, e ki gen pou rankontre avèk Premye Minis Laurent Lamothe anvan somè a kòmanse, fè konnen youn nan objektif rankont entènasyonal sa a se ensiste sou enpòtans solidarite ant ti peyi yo pou yo kapab fè fas ak pwoblèm lemond ap konfwonte jounen jodi a. Misye Gusmao ajoute –nap site :

« Nou vini isit la pou n twoke opinyon ak eksperyans nou. Kòm peyi ki sou wout devlopman, nou dwe mete vwa nou ansanm pou n garanti yon pi bèl avni pou pèp nou yo. Mwen byen rekonesan vizavi gouvènman ayisyen an poutèt li envite m ofisyèlman nan peyi a pou m patisipe nan somè sa a . »

Premye Minis Vasconcelos Xanana Gusmao fini pa atire atansyon sou le fèt ke, menm jan ak Ayiti, peyi li pataje yon zile avèk yon lòt nasyon.
----------------------------------------------------------------------------
Ayiti -Aktyalite an Brèf :
Toujou ann Ayiti: Etidyan òganize manifestasyon nan Pòtoprens, lendi 12 novanm 2012 la, pou yo pwotetse kont lanmò yon kanmarad yo, Damael d'Haiti, ke polisye Masséus Pierre Paul te touye anndan lokal Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik vandredi 9 novanm pase a.
=========================================
Kap Ayisyen : Lavi rekòmanse timidman nan vil la apre plis pase 10 moun mouri nan inondasyon ki frape rejyon nò a. Gouvènman ayisyen an depeche yon delegasyon pou asiste otorite lokal yo, dapre delege Nò a Zephirin Ardouin ki pale avèk Sèvis Kreyòl VOA.
========================================
Anfen, Premye Minis Ayisyen an, Laurent Lamothe, fè yon vizit 48 tè nan Eta Florid, pi presizeman nan Miami, kote li resevwa yon diplòm onorè nan men responsab Barry University. Misye Lamothe, ki se yon ansyen etidyan inivèsite sa a, te youn pami alumni ki resevwa distenksyon sa a.
XS
SM
MD
LG