Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Dezas Natirèl: Detay ofisyèl sou Asistans Kominote Entènasyonal la aprè Pasaj Silkòn Sandy


Ann Ayiti, gouvènman an bay detay sou asistans entènasyonal peyi a resevwa (ou pral resevwa) aprè pasaj Siklòn Sandy, nan kad solidarite divès peyi manifeste ak Ayiti pandan otorite yo ap jere konsekans dezas natirèl sa a.

Nap raple nan yon konsèy dè minis ki te dewoule mèkredi 31 oktòb 2012 la, gouvènman an te lanse yon apèl pou l mande solidarite entènasyonal nan moman konsta ki fèt sou teren an nan depatman afekte yo, montre siklòn nan fè gwo dega nan enfrastrikti peyi a e li kreye yon sitiyasyon kote moun k ap viv nan zòn sinistre yo genyen gwo difikilte pou yo satisfè bezwen yo.
XS
SM
MD
LG