Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Sandy: Bilan Viktim yo Kontinye Monte


Bilan viktim yo kontinye ogmante apre pasaj ouragan Sandy sou peyi Dayiti. Denyè chif Sant Doperasyon Dijan Pwoteksyon sivil pibliye, fè konnen 6 moun mouri e 2 lòt disparèt.

Bò kote pa l, delege depatman Sid la, Serge Chery di li anrejistre 3 mò jiskaprezan.

Sant Nasyonal meteoroloji toujou kenbe etadalèt wouj la akoz gwo lapli ki kontinye tonbe sou peyi a.

Meteorològ Marcelin Sterlin di Lavwdlamerik rivyè yo ki kontinye monte deja kraze plizyè pon, e koupe wout ki relye rejyon yo.


Klikle sou ikon ki agoch la pou w koute deklarasyon meteorològ Marcelin Sterlin.
XS
SM
MD
LG