Accessibility links

Breaking News

Siklòn Sandy Rive Sou Kòt Kiba


Sant nasyonal Siklòn Ozetazini di Siklon Sandy touche tè sou kòt sidès Kiba e li pran fòs pou l vin tounen yon siklon kategori 2 .

Li pote ak li van k ap soufle a 175 kilomèt a lè. Sandy te yon siklòn katefori 1 lè li te frape Jamayik, tou prè kapital la, Kingston. Rezidan yo te anba kouvrefe. Tou 2 ayeropò entènasyonal yo te fèmen e bato pat ka vwwayaje.

Nouvèl yo fè konnen yon granmoun gason jamayiken mouri . Aprè Kiba, Sandy gen pou l pase sou Bahamas anvan li mete tèt pou eta Florid nan sidès Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG