Accessibility links

Breaking News

Konpayi Dans Jean René Delsoin fè Dekabès nan Kennedy Center


Nan kad efò Lèzetazini ap fè pou ekspoze diferan kilti nan lemond antye bay pèp ameriken an, moun te gen okazyon asiste pèfomans Konpayi Dans Jean René Delsoin nan Kennedy Center a nan kapital federal amerikèn nan nan Washington DC.

Center Stage yon inisyativ diplomatik Biwo afè edikasyonel e kiltirel depatman deta ameriken an k ap envite diferan atis atravè lemond, pi presizeman ann Ayiti, Endonezi ak Pakistan pou vin fè yon virewon Ozetazini.

Kowodonatè espesyal depatman deta pou Ayiti a, Thomas Adams te entwodwi Konpayi de dans Jean René Delsoin an nan Center Stage nan Kennedy Center a lè yo te vinn pèfòme nan dat 16 oktòb 2012 la.

Mesye Adams te pale pou l di: "Ayiti jan nou tout konnen gen yon istwa ak yon kilti rich e aprè tranblemanntè ki te pase nan ane 2010 la, Lèzetazini ak anpil lòt moun ap travay du pou yo kenbe heritaj kiltirèl sa a vivan. Pèfomans sa a ke nou pral jwi aswè a fè nou wè rezilta efò nou repare e remete kanpe sou 2 pye eritaj kiltirèl rich peyi dAyiti."

Jennifer Jessies Castil ki se sel fi ki vwayaje ak gwoup la di li renmen danse anpil elap kontinye danse jiska la mò. Pou Jean Rene Delsoin ki se fondate e konpayi dans la pote non ni, se yon okazyon ekstrawodinè pou ede plis moun dekouvri kilti peyi dAyiti.

Konpayi Dans Jean René Delsoin an vwayaje sèlman avek kèk manb gwoup la pandan vire won sa a y ap fè Ozetazini gras ak pwogram depatman deta a k ap mennen yo nan Miami nan eta Florid, Hartsville nan Kawolin di Sid, Wilmington nan Kawolin di nò, Lincoln, Nebraska Overland Park , Kansas.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute nouvèl sou vedèt yo.
XS
SM
MD
LG