Accessibility links

Breaking News

Etazini - Eleksyon: Boukantaj Agiman ant Kandida yo Nan 2èm Deba Prezidansyèl la


Prezidan ameriken Etazini an Barack Obama ak rival repibliken l lan , ansyen gouvènè Mitt Romney twoke kòn yo sou kesyon ekonomi, enèji ak politik etranjè nan okazyon 2e deba kanpay elektoral la kote kandida yo t ap reponn kesyon 80 elektè endesi ki te nan oditoryòm inivèsite Hofstra nan New York .

Mesye Romney pat pèdi tan pou l atake bilan 4 tran Prezidan Barack Obama lil di ki double defisi bidjetè Lèzetazini e ki, anplis desa, pa respekte pwomès elektotal li yo .

Ansyen gouvènè Romney di: "Li te di ke to chomaj la t ap desann nan 5,4 pousan jounen jodi a. Gade diferans la ant kote li ye jounen jodi a ak 5,4 pousan ki reprezante 9 milyon chomè ameriken. Se pa mwen ki te di 5,4 pousan an. Se te plan prezidan an prezidan an …men li pa rive konkretize l. Li te di pou konnye a yo t ap pike pou pi devan ak refòm plan swen sante ak refòm nan sistèml sekirite sosyal paske, dapre li pwogram sa yo te sou wout pou kriye fayit. Li pa menm parèt ak yon pwopozisyon-lwa ni sou youn ni sou lòt."

Prezidan Obama te reponn musye Romney kif-kif kote l presize li kenbe pi fò nan pwomès li yo e sa l pa reyisi kenbe yo , se pa paske li pat eseye.

Prezidan Obama di: "Sa gen 4 tran , mwen te di ppèp ameriken an , mwen te di w , mwen t ap koupe sou taks fanminan klas mwayèn nan, e mwen fè l. Mwen te di w , mwen t ap koupe taks sou ti biznis yo mwen fè l. Mwen te di mwen t ap mete fen nan gè Irak la mwen fè l. Mwen te di nap konsantre atansyon nou sou moun ki te atake nou nan dat 11 septanm 2001 an nou lage koukou wouj dèyè lidèchip al-Qaida yon fason pou moun pat janm wè yo ankò, e nou touye Osama bin Laden."

2 kandida yo te fè gwo boukantaj agiman sou plizyè pwen ak kesyon cho tankou ekonomi, swen sante, imigrasyon , edikasyon e sitou politik etranjè a avèk prensiplaman ensidan ki pase nan konsila ameriken an nan Bengazi a, nan peyi Libi, kote 4 diplomat ameriken te pèdi lavi yo anba yon atak teworis.

Pou anpil obsèvatè ak spesyalis, Prezidan Obama bay yon pi bèl pèfòmans yè swa nan New York konpare ak jan l te konpòte l nan premye deba devan ansyen gouvènè Mitt Romney.

E menm gen moun ki di se prezidan Obama ki soti venkè deba yè madi swa a. Pwochen deba a ap gen pou dewoule nan Boca Raton , Eta Florid nan dat 22 oktòb k ap vini an.
XS
SM
MD
LG