Accessibility links

Breaking News

Turki Entèdi Pasaje Siryen Vole sou Teritwa l


Turki deside entèdi avyon pasajè Siryen vole sou teritwa li nan dènye siy konfwontasyon k ap ogmante ant 2 peyi vwazen yo.

Otorite turk yo anonse entediksyon sa a dimanch 14 oktòb 2012 la aprè yo te entèsepte yon avyon siryen ki t ap soti Moskou pou l al Damas e yo konfiske sa yo di ki se ekipman militè ki te abò a.

Ankara akize Damas dèske li sèvi ak avyon sivil pou l transpòte zam pou sòlda siryen yo k ap konbat yon leve kanpe depi 18 mwa e li pwomet pou l anpeche yo itilize espas ayeryen turk pou fè travay sa a.
XS
SM
MD
LG