Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Prezidan Martelly Konvoke Palman an ann Asanble Nasyonal



Ann Ayiti: Prezidan Michel Martelly konvoke palman an nan yon seyans ekstwòdinè pou senatè yo ak depite yo vote sou yon seri pwojè lwa ki enpòtan, daprè pouvwa egzekitif-la – tankou pwojè lwa sou frè eskolè, konsèy elektoral la, blanchiman lajan ak tranzaksyon bankè.

Prezidan Sena a, Simon Dieueseul Desra (ki se an menm tan prezidan asanble nasyonal la), pale ak VOA pou l di li espere tout palmantè yo va reponn konvokasyon an pou yo travay sou kesyon ki konsène enterè siperyè nasyon an. Misye Desra pwofite lanse yon apèl bay Prezidan Martelly pou l mande li ouvè yon dyalòg ak tout sektè pou chache jwenn mwayen ki nesesè pou wete peyi a nan kriz lap travèse jounen jodi a. Opinyon Prezidan Asanble Nasyonal la:

<<Prezidan peyi a, ki la pou l garanti ke tout pouvwa piblik yo mache byen, ta kapab konvoke yon « Etats Generaux » pou l wè nan ki mezi klas politik la, sosyete sivil la, reprezantan medya, prezidan blòk nan Chanm Depite e prezidan komisyon nan Chanm Depite a, prezidan blòk nan Sena de la Repiblik la ak prezidan komisyon nan Sena a, ta kapab reyini pandan yon jou, 2 jou, 3 jou, pou yon seyans travay ki pou pèmèt nou sòti nan kriz la … yon akò de gouvènans ki ta kapab asire kontinuite manda gouvènman Martelly a san enstabilite. Depi Prezidan an dyaloge avèk yo, lap jwenn yon solisyon ansanm avèk yo; e puiske li pral jwenn yon solisyon ansanm avèk yo, pap gen wout pa bwa; pral gen yon fen nan tout kriz pou pèmèt Prezidan an dirije, men ann akò ak tout sektè nan vi nasyonal la.>>

Pandansetan, minis ki responsab lyezon ant prezidans la ak palman an, Ralph Théano, fè konnen li gen konfyans asanble nasyonal sa a pral bay bon rezilta. Daprè Misye Théano toujou, Prezidan Martelly kòmanse pale ak palmantè yo e prezidans la espere pouvwa lejislatif la pral fin pa chwazi 3 moun pou reprezante li nan « konsèy elektoral pèmanan an pou peyi a kapab gen bon jan eleksyon anvan lontan », pou n site korespondan nou Rotchild François Jr.
XS
SM
MD
LG