Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon 2012: Deba Jedi Swa ant 2 Kandida pou Pòs Vis Prezidan an


Vis Prezidan Joe Biden (a dwat) epi kandida repibliken pou pòs Vis Prezidan an, Depite Paul Ryan (Foto achiv).
Vis Prezidan Joe Biden (a dwat) epi kandida repibliken pou pòs Vis Prezidan an, Depite Paul Ryan (Foto achiv).


Ozetazini, jedi 11 oktòb 2012 la, nan lasware, deba pral dewoule nan vil Danville, Eta Kentucky, ant Vis Prezidan Joe Biden ak kandida repibliken pou pòs Vis Prezidan an, Paul Ryan. Misye Biden se yon òm politik ki gen 40 tan depi lap milite sou sèn nan; li se yon espesyalis nan afè entènasyonal, defansè klas mwayèn nan e youn nan pi pwòch kolaboratè Prezidan Barack Obama.

Misye Ryan, li-menm, genyen 14 zan depi li se yon depite --kidonk, yon manm Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an. Yo plis konnen li kòm yon moun ki byen metrize zafè ki gen rapò avèk bidjè e pou pwopozisyon enpòtan li fè sou fason gouvènman ameriken an kapab pote refòm nan kèk pwogram sosyal, tankou pwogram ki la pou mete swen sante a a dispozisyon gran moun aje yo.

Analiz politik Stephen Hess, kap travay pou Brookings Institution nan Washington, pale pou l di nan deba jedi swa a, travay Vis Prezidan Biden gen pou l fè se pou l frape rival li a pi fò pase jan Prezidan Obama te fè nan dat 3 oktòb pase a, lè Misye Obama tap fè fas ak rival repibliken n nan, Mitt Romney. Misye Hess di :

“Sa fanatik Joe Biden yo ap tann nan men li, se pou misye vini ak agiman yo santi Prezidan Obama pat prezante; konsa, daprè yo, prezidan an te parèt kòmsi li tap evite konfwonte Mitt Romney, evite atake dosye misye alòske dosye sa a okipe yon gwo plas nan kanpay elektoral la."

Nouvèl yo fè konnen Joe Biden ak Paul Ryan pase lontan ap prepare yo pou sèl deba kap mete yo fasafas anvan eleksyon prezidansyèl la ki fikse pou 6 novanm pwochen. Malgre Misye Biden gen gwo repitasyon kòm yon moun ki konn fè deba byen sou kesyon ki gen rapò ak domèn ekonomik la, yon etid Sant Rechèch PEW reyalize montre, pou majorite elektè ameriken yo, li gen mwens chans pase Misye Ryan pou l ranpòte deba a.
XS
SM
MD
LG