Accessibility links

Breaking News

Etazini - Prezidansyèl: 2 Kandida yo ap Mennen Kanpay Madi nan Eta Ohio


Prezidan Barack Obama (kandida Pati Demokat la) ak Mitt Romney (kandida Pati Repibliken an) ap mennen kanpay madi 9 oktòb la nan yon eta-kle pou eleksyon 6 novanm pwochen an: Eta Ohio.

Chak nan 2 advèsè yo pral chache pran tèt elektè Ohio yo pou yo vote pou li nan moman rete 4 semèn apèn pou eleksyon an dewoule. Lendi 8 oktòb la, nan premye diskou Misye Romney fè sou domèn politik entènasyonal la, li atire atansyon sou sa l rele “feblès administrasyon Obama a” pou sa k gen rapò ak relasyon Lèzetazini ak Mwayen Oryan an.

Pa egzanp, kandida repibliken an di Prezidan Obama montre li se yon lidè ki fèb nan fason li jere kriz ki pete nan peyi tankou Siri ak Libi.

Misye Romney deklare:
“Mwen konnen Prezidan an espere nou pral genyen yon Mwayen Oryan ki gen plis sekirite, plis libète ak plis pwoperite, kote peyi yo va alye yo plis avèk nou. Mwen pataje esperans sa a. Men, esperans se pa yon estrateji. Nou pa kapab defann zanmi nou yo epi ranpòte laviktwa sou ennmi nou yo nan Mwayen Oryan an si aksyon nou pa kore pawòl nou."

Kòm youn nan repons responsab kanpay misye Obama yo bay kritik Misye Romney an, yo fè konnen genyen yon bon rezon si prezidan an devan advèsè repibliken n nan nan sondaj yo pou sa ki gen rapò ak sekirite nasyonal Lèzetazini. Yo atire atansyon, pa egzanp, sou lagè Irak la ki fini ak le fèt ke Lame amerikèn touye lidè rezo teworis al-Kaida a, Ozama Bin Laden.

Lendi, Prezidan Obama te nan Eta Kalifòni kote li te inogire yon estati ki onore lidè mouvman dwa kiltivatè ameriken yo, Cesar Chavez. Mesye Obama deklare –nap site tou:

“Chak fwa pititfi ou pititgason yon moun vini la a epi aprann yon bagay sou istwa mouvman sa a, mwen ta renmen yo konnen vwayaj nou an se pa yon deplasman ki san esperans; travay nou pa janm fini.”

Avan Prezidan Obama te retounen Washington, li te patisipe tou nan yon aktivite maraton pou ranmase lajan pou kanpay elektoral li a; aktivite sa a te dewoule nan vil Los Angeles.
XS
SM
MD
LG