Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Ane Eskolè a Kòmanse ann Ayiti Lendi Premye Oktòb 2012 la


Ti moun ki prale nan lekòl piblik ann Ayiti
Ti moun ki prale nan lekòl piblik ann Ayiti


Ann Ayiti, otorite yo fè konnen yo pran tout dispozisyon pou yo ede paran elèv yo pandan nouvèl ane eskolè a ki kòmanse lendi premye oktòb 2012 la.


Pandan Premye Minis Laurent Lamothe tap patisipe dimanch nan yon pwogram televizyon espesyal, li anonse 200,000 lòt timoun ap patisipe ane sa a nan yon pwogram gouvènman an mete sou pye e ki rele «Edikasyon pou Tout Moun ».

Ogmantasyon sa a ka fè kantite total ti elèv ki prale lekòl nan kad pwogram sa a monte rive yon milyon 200 mil. Nap raple lekòl te gen pou ouvè ann Ayiti depi nan kòmansman mwa septanm pase a; sepandan Leta te deside ranvwaye dat ouvèti klas la akoz sitiyasyon difisil majorite fanmi ayisyèn ap konfwonte.

XS
SM
MD
LG