Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Mande l’ONU Asistans pou Ogmante Polis Nasyonal la


Prezidan Ayisyen an, Michel Joseph Martelly
Prezidan Ayisyen an, Michel Joseph Martelly
Nan moman 67e Asanble jeneral Nasyonzini an ap dewoule nan New York avèk prezans 2 pi gwo dirijan ayisyen yo, Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe, anpil kesyon ap poze sou avni MINUSTAH (Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti ) nan moman manda l gen pou l pran fen nan mwa oktòb k ap vini la a .

Sekretè Jeneral Oganizasyon Mondyal la, Ban Ki-moon, deja fè rekomandasyon pou L’ONU renouvle manda MINUSTA ---yon renouvèlman ki ta vle di peyi a poko pare pou depa misyon l’ONU an ki deja gen 8 tan sou teren an, puiske fòs miltinasyonal la te antre nan peyi a an 2004 apre depa Prezidan Jean-Bertrand Aristide, dapre Rezolisyon 15-42 Konsèy Sekirite Nasyonzini an.
XS
SM
MD
LG