Accessibility links

Breaking News

Efè Konfli Siri a Sou Timoun nan Peyi a


Nan Siri, gwoup asistans "Save the Children" bay avètisman sou efè konfli siri a ka genyen sou ti moun nan nasyon an.

Oganizasyon charite a fè konnen ti moun yo se sib atak e yo temwen lanmò manb fanmiy yo.

Direkté oganizasyon an di zak vyolans terib fèt kont ti moun siryen yo e yo bezwen swen espesyal pou ede yo rekanpe sou 2 pye yo.

Gwoup la lanse apèl tou pou mande Nasyonzini pou l dokimante pi byen vyolasyon dwamoun k ap fèt kont ti moun yo.

Anvwaye espesyal Nasyonzini ak Lig Arab la, Lakhdar Brahimi te esplike yon tablo tris de kriz la, li di jounalis yo aprè li fin bay Konsèy sekirite Nasyonzini an Kont Randu ke sitiyasyon an nan Siri pa bon ditou epi l ap vin pi mal.
XS
SM
MD
LG